Cette offre n'est plus disponible

Pòs la

Kesye

Nonb de pòs

1

Lokal

Katye Moren

Dire

Endetèmine aprè pwobasyon

Telefòn Biwo

(509) 4212-3636

Zòn entèvansyon

Depatman Nò, Ayiti

Disponiblite

Tan pasyèl

Dat piblikasyon

17 Fevriye 2023

Dat limit

3 Mas 2023

 

SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome dechè an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sèvis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 2300 kliyan nan Awondisman Okap ki anrejistre pou sèvis sa epi kap peye mansyèlman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete epi transfòme an konpòs. SOIL ap trete epi transfòme 50 ton dechè pa mwa jiska prezan ak plan pou agrandi ansanm ak agrandisman sèvis EkoLakay la. Konpòs la, ki rele Konpòs Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la ak enviwònman. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan.

TACH PRENSIPAL

  • • Asire ou swiv epi ou fè respekte tout pwotokòl ki mache ak tranzaksyon Finans ak Administrasyon SOIL.
    • Kontwole balans lajan nan kès la chak maten ni chak fen jounen an epi asire li balanse. Ranpli dokiman Kontwòl Lajan epi mete nan Dropbox.
    • Anrejistre tout tranzaksyon ki fèt nan kès la selon pwotokol ki etabli pou sa.
    • Chak semen soumèt rapò finans pou tout tranzaksyon ki fèt pandan semen avan
    • Asire ke tout kontra ekstèn ki siyen yo eskane epi klase nan Dropbox
    • Anrejistre tout revni yo nan sistèm finans lan selon pwotokol ki defini pou sa
    • Asiste sipèvizè’w pou nan planifikasyon ak preparasyon bidjè ak nan tout lot aktivite ki nesesè.
    • Toujou byen verifye tout fich ki remèt avan ou antre’l NetSuite

Sipevizyon

Pòs sa sipèvize direkteman pa Manadjè Administrasyon ak Finans.

Kritè

  • Fomasyon ak Eksperyans
  • – Etid Inivèsitè nan Syans Administrativ ou Kontabilite
  • – Minimom 1 an eksperyans travay nan jesyon kès
  • – Konesans nan yon lojisyèl finans pou piti
  • – Bon konesans nan Word ak Excel

Atou enpotan

  • – Konesans nan Netsuite
  • – Eksperyans travay ak Google Drive, Dropbox, e Asana

Pwosedi Rekwitman

Pou moun ki enterese nan pòs sa, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:

  • o CV
    o Kopi diplòm
    o 3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl

 

Si’w wè ke’w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple pase depoze dosye w la nan yonn nan adrès biwo SOIL yo. Oubyen voye l nan imel adrès sa: Jobs@oursoil.org epi ekri nan objè a‘”K002_Finans” nan objè imel la.

N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.

Aperçu de l'Emploi
Nous utilisons des cookies pour améliorer votre expérience sur notre site Web. En naviguant sur ce site, vous acceptez notre utilisation des cookies.

Partager