Sipèvizè Operasyon Konpostaj
Plein Temps
Tit Pòs la |
Sipèvizè Operasyon Konpostaj |
Nonb de pòs |
1 |
Lokal |
Limonad |
Dire |
Endetèmine aprè pwobasyon |
Telefòn Biwo |
(509) 4212-3636 |
Zòn entèvansyon |
Depatman Nò, Ayiti |
Disponiblite |
Tan plen |
Dat piblikasyon |
6 Mas 2023 |
Dat limit |
17 Mas 2023 |
SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome dechè an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sèvis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 2300 kliyan nan Awondisman Okap ki anrejistre pou sèvis sa epi kap peye mansyèlman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete epi transfòme an konpòs. SOIL ap trete epi transfòme 50 ton dechè pa mwa jiska prezan ak plan pou agrandi ansanm ak agrandisman sèvis EkoLakay la. Konpòs la, ki rele Konpòs Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la ak enviwònman. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan.
TACH PRENSIPAL
Jeneral
• Byen konnen epi swiv tout endikasyon travay ak pwotokòl ki fèt ki genyen lyen ak responsablite pa’w.
• Travay an kolaborasyon ak Manager konpostaj, Asistan konpostaj, epi ekip Rechech pou asire ou jwenn e kominike bon jan enfòmasyon nan kad travay ou.
• Mete w disponib pou pran tout fomasyon ki nesesè ki kapab ede w adapte ak wol pa w nan sit konpostaj la.
• Ranpli tout trakè ki sou responsabilite ou yo, pou yo toujou rete ajou.
• Klase tout fich, fòm, gid, kalandriye yo nan yon klasè ki byen òdone yon fason pou itilize yo efikasman.
• Soumèt chak mwa, dapre kalandriye ou fikse ak sipèvizè ou, yon lis materyèl pou renouvèlman estòk epi jwenn otorizasyon sipèvizè pa’w pou swivi acha bezwen aktivite konpostaj.
• Mete’w disponib nan « weekend » yo si sipèvizè’w gen bezwen pou ou.
• Swiv epi respekte Plan Ijans SOIL Okap nan moman SOIL deklare yon ijans.
• Respekte prensip lijyèn ki an plas nan tout travay ke ou ap fè oswa sipèvize.
• Soumèt rapò evalyasyon kapasite peryodik sou ekip ke wap sipèvize.
• Responsab lojistik ak mentnans machin elektwomenakik ak veyikil nou genyen sou sit la.
• Reyalize analiz ak jesyon done aktivite konpostaj an kolabrasyon ak sipèvizè pa’w.
Sekirite Endistriyèl
• Elabore plan sekou ak evakiyasyon pou tout ensidan ki kapab rive nan travay la.
• Fè analiz sou dire, kalite ak fonksyonalite ekipman pwoteksyon endividyèl yo.
• Idantifye epi pwopoze plan daksyon pou tout evantyèl risk ou wè ki gen nan travay la.
• Analiz ak rekòmandasyon sou tout ensidan ki fèt nan travay la.
• Evalye e pwopoze plan ekleraj nan espas travay yo pou asire ke aktivite konpostaj ki fèt lannwit yo reyalize nan bon kondisyon.
• Enplemante metòd 5S nan diferan aktivite konpostaj.
Sèvis Operasyon
• Asire jesyon done operasyon ki tonbe anba responsabilite pa’w.
• Analize kapasite trètman sit la parapò ogmantasyon kantite dechè chak 3 mwa.
• Analize kapasite pwodiksyon konpòs parapò ogmantasyon demann chak 3 mwa.
• Evalye ak pwopoze chanjman ki nesesè parapò plan tranzisyon.
• Pwopoze plan estratejik sou dispozisyon pil atè, basen dezenfeksyon, wout, estokaj ak zòn karantèn.
• Elabore yon plan sou pwosesis kontwol kalite operasyon yo.
• Reyalize diagram pwosesis etid tan ak ègonomik pou tout operasyon konpostaj (vidanj, lavaj, vire pil, pase konpòs).
• Enplemante pwojè konstriksyon ak amenajman sit mouchinèt.
• Asire ke kalandriye vire pil atè / bak yo respekte.
• Evalye epi asire ke tout pwotokol yo respekte pandan pwosesis operasyon konpostaj.
• Asire ke tout done ki rantre sou Taroworks/Salesforce, kòrèk e rantre a tan.
• Evalye e pwopoze nouvèl metòd ak estrateji pou rann pwosesis operasyon konpostaj pi efikas, mwens fatigan.
Mentnans
• Asire jesyon mentans prevantiv ak koretif pou machin elektwomekanik ak veyikil yo.
• Analiz sou pann ki pi frekan machin elektwomekanik ak veyikil yo genyen e pwopoze plan daksyon pou amelyore sa.
• Elabore kalandriye mentnans machin elektwomekanik ak veyikil ki sou sit la.
• Idantifye e pwopoze plan acha pyès ki ranplase souvan nan machinn elektwomekanik ak veyikil yo.
• Elabore rapò sou egzekisyon plan jesyon dechè sit la.
• Evalye ak pwopoze chanjman parapò plan konstriksyon zòn fatra sit la.
• Pwopoze plan estratejik pou limite kantite bokit/tèt bokit kraze.
Sipevizyon
Pòs sa sipèvize direkteman pa Manadjè Konpostaj la
Kritè
Fomasyon ak Eksperyans
– Etid Inivèsitè nan Jeni endistriyèl oubyen lot domèn ki asosye
– Minimom 1 an eksperyans travay nan jesyon kès
– Bon kapasite nan jesyon ak analiz done
– Bon konesans nan MS Office (Word, Excel, PowerPoint) ak Google Drives ni Google Sheets
– Bon kapasite nan jesyon ekip
Pwosedi Rekwitman
Pou moun ki enterese nan pòs sa, Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:
o CV
o Kopi diplòm
o 3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl
Si’w wè ke’w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple pase depoze dosye w la nan yonn nan adrès biwo SOIL yo. Oubyen voye l nan imel adrès sa: Jobs@oursoil.org epi ekri nan objè a‘”SOKO_01” nan objè imel la.
N.B: Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa.
Partager
Facebook
Twitter
LinkedIn
Telegram
Tumblr
WhatsApp
VK
Mail